Showing posts with label Kadinal La Se Yon Gwo Pwoblèm: Yvrose S. Gilles and Dr. Jerry M. Gilles. Show all posts
Showing posts with label Kadinal La Se Yon Gwo Pwoblèm: Yvrose S. Gilles and Dr. Jerry M. Gilles. Show all posts

Thursday, July 24, 2014

Kadinal La Se Yon Gwo Pwoblèm: Yvrose S. Gilles and Dr. Jerry M. Gilles

Kadinal La Se Yon Gwo Pwoblèm: Yvrose S. Gilles and Dr. Jerry M. Gilles

 




















Moun pa tap vrèman bay kòmantè Chibli Langwa sou Vodou enpòtans si se pat pou Pap Fransis ki te vin chwazi l kòm premye Kadinal Ayisyen lan Vatikan. Lan yon atik ki soti 13 Jiyè 2014 lan Revi Gadyen, Kadinal la deklare Vodou pa ofri anyen pase maji kòm solisyon pwoblèm moun ki pa gen dizon lan politik peyi a.
Sa fè Legliz Katolik lontan depi l ap konbat maji pandan l ap fè reklam mirak. Men Sèvitè pa kwè gen espri pou maji, gen lòt pou mirak. Sèvitè kwè gen evennman natirèl epi gen lòt ki pa natirèl. Pou maladi natirèl, se plis ak fèy nou trete sa. Kanta pou maladi ki pa natirèl, se plis sèvis relijye ki fèt pou sa. Pou Sèvitè, ni maji, ni mirak, youn pa natirèl epi yo sanble kou 2 gout dlo. Sa yon moun wè kòm mirak, yon lòt gen dwa pran l pou maji. Kadinal Langwa pa ka kritike maji, pandan gen yon dividal mirak Legliz li a toujou ap andose.
Tou lòt jou la a, Legliz Katolik te cho pou l fè Ayisyen fete 125 ane depi l ap kouri bri se Vyèj Mari ki te fè mirak pou fini ak yon epidemi verèt ki te touye apeprè 100,000 moun lan peyi a. Otorite Legliz la lese konprann se priyè ki monte epi gras Mari desann pou sispann epidemi a. Sanble otorite sa yo pa konprann se vaksen tradisyonèl anpil moun te resevwa, ansanm ak iminite natirèl anpil lòt moun te vin devlope, ki fè maladi a te vin pat ka pwopaje. Sa vle di, kòm Kadinal Langwa ap lite kont sipèstisyon, afè Vyèj Mari te met fwen lan epidemi vèrèt se yon sipèstisyon pou Kadinal la konbat.


San Kadinal la pa konnen, Vodou konn janbe sipèstisyon pou l fè bonjan kontribisyon lan medsin modèn. Se sou zile Ayiti youn nan pi ansyen tèks te pibliye sou inokilasyon, yon kalite vaksen. Se la sou teritwa Ayiti a, Sèvitè te konn pike moun, ak pi ki soti sou po lòt ki gen verèt, dekwa pou yo te ka anpeche maladi a pwopaje (Gazèt Medikal pou Koloni yo -1778). Yo te rele sa achte vèrèt. Kounye a atò, lè doktè sou zile a, tankou doktè Joubè Delamòt tonbe fè sa tou, sa vin ede vaksen pran kòm yon tretman modèn (Wivè 2006). Manke konprann se levennman, Kadinal la fè levennman di Vodou pa ofri okenn solisyon reyèl, kòmkwa moun ta dwe konte plis sou mirak pou tretman maladi.

Nouwològ Bris M. Oud, deja byen montre sèvo moun fonksyone ni ak lojik ni ak sipèstisyon. Se pou sa, nanpwen relijyon ki pa gen sipèstisyon. Si Kadinal Langwa konprann l ap pwòpte relijyon lan retire sipèstisyon, pito li kòmanse fè menaj lan pwòp relijyon pa l. Li ta mèt kòmanse mande tout Katolik ki sèvi ak kwa kòm yon kalite pwoteksyon, pou yo retire sa lan kay yo, lan machin yo, lan meday yo. Vrè verite a, se lavi fè plis sans lè moun ka kenbe bagay yo bay valè depi yo pa kontrarye lòt moun ki valorize diferan sipèstisyon. Si Kadinal la vle mezire longè sipèstisyon kay Katolik, ebyen, li ta met pran plezi gade si Katolik ka wè diferans ant dlo sous ak dlo beni. Yon etid konsa ka pa ede fidèl yo, men sa ka ede Kadinal la kontwole awogans li.

Kadinal la soti pou l avili moun ki suiv tretman tradisyonèl kay hougan. Misye pa konnen dapre Òganizasyon Sante Mondyal (WHO) 80% moun sou latè paka suiv tretman modèn paske sa koute twò chè (Kwol ak Asosye l. Achiv Medsin Entèn, 2007). Menm jan ak Ayisyen, se kay otorite lan diferan kwayans pifò moun sou latè suiv tretman medikal. Se otorite sa yo ki pi byen konn remèd fèy sou planèt la. Dapre Òganizasyon Sante Mondyal, remèd fèy trete twa fwa plis moun pase medsin modèn. Pou ede moun sèvi ak tretman tradisyonèl pi byen toujou, an 1992, Gouvènman Ameriken an ouvè yon sant pou etidye tretman sa yo.

Sa Kadinal la vle fè moun konprann nan, se pa vre. Se pa malere sèl ki suiv tretman kay pastè, kay pè, kay hougan ak manbo lè yo pa ka jwenn doktè oswa lè yo pa jwenn bon rannman kay doktè. Atravè latè, moun pa chita kite maladi devore yo san yo pa degaje yo jwenn konfò kay chèf kwayans yo. Konn kijan pou rekonfòte moun se yon aspè enpòtan lan medsin modèn tou e moun santi yo pi alèz lè tretman an chita lan pwòp mès pa yo. Pou Ayisyen, hougan ak manbo konn fè sa byen. Pito Kadinal la rale kò l, kite moun chèche tretman, chèche konfò pou maladi ki soti pou devore yo. E misye pa bezwen ap lese konprann medsin modèn se yon eritaj Kretyen. Anpil save pase yon tray anba kontraryete Kretyen bay pou moun aplike diferan teyori lasyans pou yo devlope nouvo tretman. Medsin modèn se yon eritaj mondyal. Pèp tout kwayans sou latè gen kontribisyon pa yo ladan n.
Konn katechis, ka domèn Langwa, men lamarin pa metye l. Vodou, li pa konn sa. Men li pale ladan n. Misye deklare moun fè dans Lwa leswa pou yo kache paske yo jennen. Mezanmi, dans Lwa fèt lèswa paske pou Sèvitè, espri yo se revè nou. Se pou sa nou fèb, nou vizib, epi yo menm, yo fò, yo envizib. Kòm nou pi aktiv lajounen, yo pi aktiv leswa. Poutèt sa, leswa se pi bon lè pou n fè sèvis pou yo. Met sou sa, Ayiti se yon peyi cho. Men, fòk bon sans ta di Kadinal la, pito moun bat tanbou, danse apre solèy kouche.
Lè Kadinal Langwa lage chay pwoblèm sosyal sou do Vodou, misye eskive dènye evennman istorik ki te fè Ayiti mal sele pou l rantre lan konpètisyon entènasyonal pou kontwòl byen sou planèt la. Kòm Ayiti te mal sele, se li k foule. Se 300 ane lan esklavaj ki mete Ayiti mal sele. Pandan 3 syèk sa yo, pifò moun sou zile a tap bourike lan mizè pou fè Espay, annapre Lafrans, galonnen lan richès. Alepòk, moun ki te desandan Lafrik pat gen dwa eritye okenn byen lan men manman ak papa yo. Kifè, prèske tout Eritye Ginen ki te fèt lan peyi a te sètoblije fèt pòv. Lafrans li menm, li dirije teritwa a pandan 100 ane konsa, san li pa janm bati yon grenn inivèsite.

Lè w konsidere jan ansyen sitiyasyon rasis lan Amerik la kokobe nou, sa etonan se sou Vodou Kadinal la lonje dwèt kòm gwo pwoblèm sosyal. Se pwoblèm rasis la kifè pou jis jounen jodi a, an jeneral, Eritye Natif Natal lan Amerika la, ansanm ak Eritye Ginen bò isit pi pòv pase moun ki desann Ewòp sèlman. Ayiti se premye kote ekip Kristòf Kolon an pote sistèm rasis modèn nan e se la pwoblèm sa a fè plis dega. Si se pat pwoblèm rasis la, kouman pou Kadinal la esplike kijan fè sa pran Legliz Katolik plis pase 500 ane pou l chwazi yon premye kadinal Afriken-Ayisyen. 

Se vre, rantre lan politik ka mande kouraj, jan Kadinal la di a, men se pa pou otorite Legliz. Legliz Katolik gen 5 syèk eksperyans politik sou teritwa a. Se karyè politik Legliz la kifè Vatikan jwenn tretman moun pa lan men leta. Sa vin pèmèt pè touche dirèkteman lan kès peyi a. Ann Ayiti, ke w vle, ke w pa vle, menm si w pa Katolik, lajan taks ou peye pè. La a menm, nanpwen anyen nouvo lan yon chèf Legliz ki rantre fon lan politik. Sa nòmal pou Ayiti. Nonplis, sa pa mande kouraj pou moun blame Vodou kòm bannann mi pou pwoblèm peyi a. Chay sou do Vodou pa eksite Vatikan, sa pa deranje gwo pouvwa entènasyonal yo, sa pa nui ansyen lidè Ayiti yo, kwak tout jwè wòl pa yo lan kokobe peyi a.

Sa pa ret la, Kadinal Langwa deklare se swa jamè, Ayisyen pa ka Fran Ginen, Fran Katolik. Men, melanj relijyon tankou Mitra ak Kwayans Juif lan relijyon Katolik pa deranje l. Sanble, pou li, lè Kwayans Tradisyonèl Ewopeyen melanje ak Kwayans moun Mwayenn Oryan, se bagay sakre ki pa bezwen detache. Men, li pa ka sipòte kole sere ant Kwayans Afriken ak Krisyanis.

Pawòl Kadinal la se youn, reyalite se 2. Angiz misye akize Vodou, pa pito se padon li mande pou dega Legliz Katolik fè lan peyi a depi sou esklavaj rive lan Rejete. Menm jan Ayisyen konn rele ansyen fanmi Ginen yo pou ba yo enspirasyon, Kadinal Langwa ka pran enspirasyon lan men Pap Jan Pòl II ki te mande padon pou dega Legliz fè atravè latè. Si enspirasyon Pap Jan Pòl II ta monte l, misye ta ka fikse koze pa l sou sa Legliz Katolik fè ann Ayiti, lan pwòp peyi l. Sa ta ede trase chemen tolerans, yon prensip enpòtan pou lapè isiba. 

 
Pibliye 18 Jiyè, 2014, jou fèt Nèlsonn Mandela
www.bookmanlit.com
Dyeri M. Jil
Ivwoz S. Jil
SOURCE:  http://www.bookmanlit.com/cardinalkreyol.html